Pèlerinay lavi akademik, pwofesyonèl ak pèsonèl : Kijan pou nou rete pwodiktif malgre difikilte yo ?

Epòk modèn sa n ap viv ladan aktyèlman an pote anpil presyon ak kondisyon travay ki pa toujou agreyab, pandanl l ap kontinye egzije chak jou plis vitès nan reyalizasyon tach nou yo, plis konpetisyon ak plis kreyativite. Se sa ki fè kapasite pou rete pwodiktif tounen kounya yon zouti ki enpòtan, fondamantal menm pou chak pwofesyonèl. Reyalite sa la depi yon moman men li vin plis entansifye dènye lane sa yo akoz avanse teknolojik yo ki pa sipann mete an kesyon vrè plas kretyen vivan genyen nan akonplisman anpil tach. Fè sa entèpele nou. Se pou sa nan atik sila nou chwazi oze. Oze nan tante reponn kijan yon moun ka rete pwodiktif pandan l ap evolye an menm tan, nan lavi pwofesyonèl, pèsonèl ak lavi akademik li...

©nutcache

Pou n rive fè sa, nan yon premye pati n ap fokis sou konpreyansyon pwoblematik nou anfas li an. Sa vle di eskplike kontèks li charye dèyè l, limit pwen nou pral avanse yo epi sans mo oswa konsèp kle ki antoure l yo. Apre sa n ap chita sou eleman solisyon yo, nan pataje sèten teknik ak metòd pratik ki ka kondui yon moun sou chimen pwodiktivite, eleman sa yo ap vini jis apre yon paralèl ant avantaj ak enkonvenyan pwodiktivite.

Konpreyansyon sijè a : kontèks, limit ak konsèp kle yo

Pou kòmanse atik la ekri pou nenpòt kategori moun. Menm si otè a vini ak kèk eleman li puize nan rechèch ak lekti li fè yo, liy ou pral li yo pa gen okenn pòte syantifik, pa gen sitasyon otè epi koze ou pral kwaze yo se pifò opinyon moun ki ekri a, suivan epresyans ak konesans li. Motivasyon pou ekri sou pwoblematik sa enpire ak sitiyasyon peyi Dayiti ki malouk anpil dènye jou sa yo, jis nan nivo ki pouse yon bon ponyen moun ap bay ratman nan sa yo ta dwe fè. Li enspire yon ti kras tou ak ankourajman otè a jwenn nan sans sa epi tou ak fason li remake kèk kòlèg li ap kontinye fè jefò nan toujou nan sans sa. Yon presizyon anplis, delibereman nou p ap rantre nan deba sou kouran ki wè pwodiktivite kòm yon konsekans sistèm kapitalis mondyal la k ap pwofite enèji kretyen vivan. 

San pran tan, san tranzisyon, ann eseye konprann mo kle yo:

PÈLIRINAY: Nan sans ki pi jeneral mo sa genyen, li ta dwe vle di vwayaj, avanti, monte desann, elatriye. Men nan kontèks sa an patikilye, n ap konsidere pèlirinay la kòm yon chèn sitiyasyon lavi, ki ka baze sou chwa ak volonte oubyen non, men ki obligatwaman mete yon moun nan kondisyon kote l ap chèche ekilib nan mitan pllizyè responsablite, plizyè fonksyon li okipe oubyen ankò nan mitan plizyè eksperimantasyon l ap fè yon sèl kou. Pandan menm tan sa l ap kontinye aprann, kontinye grandi ak pwogrese etap apre etap.

LAVI AKADEMIK: Se dimansyon pèlirinay la ki baze sitou sou zafè entelektyèl yo, si nou ka pèmèt nou di l konsa. Apre sèvo moun nan pati sa ap anrichi, li enkli prensipalman egzijans yon moun genyen fas ak yon enstitisyon eskolè, yon inivètite osinon nenpòt lòt enstitisyon k ap bay yon fòmasyon kèlkonk. Se ansanm ki fòme ak estaj, travay teren, devwa, egzèsis memorizasyon, eskpoze, redaksyon travay pou fen etid, egzamen nan klas, trajè ale retou nan yon pwen fòmasyon elt.

LAVI PWOFESYONÈL: Se angwo egzèse yon metye pou mete lajan nan pòch ou. Li ka travay ak leta, lòt enstitisyon prive nasyonal tankou entènasyonal osinon kòm travayè otonòm, sa yo rele "freelancer"nan lang angle a. Nan blòk sa nou jwenn tou aktivite volontarya, benevola, coaching, titora, menntora, konferans enterè jeneral, ansèyman okazyonèl, patisipasyon nan asosyasyon kominotè, pati politik ak gwoup relijye... pou n site sila yo sèlman.

LAVI PÈSONÈL: Se branch ki toujou prezan, pi ansyen epi plis konplèks nan pèlirinay la. Pati sa se kote relasyon ak enterè pèsonèl moun nan vin konsantre yo, se pati kote ou jere tout sa ki konsène zafè prive w. Li enkli rapò ak fanmi, antouraj, relasyon amikal, amoure elt. Lavi pèsonèl vle di tou reponn bezwen sosyal, sichik, ekonomik, espirityèl ak lòt kategori bezwen ou genyen nan lavi w chak jou kòm kretyen vivan. Sante fizik ak mantal, divètisman, devlòpman pèsonèl, moman entimite, trè karatkè... tout eleman sa yo jwenn yo nan dimansyon lavi pèsonèl n ap konsidere nan atik sila !

PWODIKTIVITE : Youn nan premye definisyon pwodiktivite gen se rive akonpli tout objektif ou fikse yo. Li vle di tou envesti meyè tan ou gen nan meyè aktivite ou. Pwodiktivite ka vle di tou, fè aktivite ki pi enpòtan pou ou yo. Tout sans sa yo konsèp pwodiktivite a genyen mennen nou nan yon menm bagay ki se : efikasite nan sa yon moun ap antreprann. Yon efikasite ki vle di rive reyalize yon maksimòm tach, nan yon minimòm tan, ak yon minimòm enèji epi yon minimòm resous. Pwodiktivite se yon konsèp relatif, menm jan ak nosyon tankou siksè ak echèk, li varye ak sa moun nan te vize, kantite resous ki disponib pou li ak pèsepsyon li sou plizyè paramèt nou sot idantifye la yo.

DIFIKILTE : Menm jan ak pwodiktivite, difikilte gen plizyè sans nan kad atk sila. Li vle di kontrent ki ka bloke w oswa retade w nan sa ou vle reyalize. Resous ak mwayen ou pa gen osinon kantite resous ki disponib pou a pa sifi pou sa ou vize, se yon lòt sans difikilte genyen. Li ka vle di tou, tout fòm dout, twou nwa ak kesyon san repons k ap panike lespri w lè w ap tante reyalize yon pwojè oubyen rèv ou genyen... Difikilte yo tou se eleman ki parèt preske obligatwa nan tout etap lavi, tèlman yo toujou prezan. Yo parèt toutan epi ou pa ka prevwa fason yo pral rive sou ou. Gen moun ki ale pi lwen pou di pa gen okenn fyète ni okenn vrè reyisit nan yon bagay yon moun akonpli san gran difikilte.

Kilè yon moun pwodiktif? Kèk eleman repons...

Jan nou te fè remake l avan an, pwodiktivite se yon konsèp relatif. Se sa ki fè kesyon sa difisil pou reponn. Toufwa gen yon seri eleman ki pizoumwen estab, ki ka pèmèt nou mezire nivo pwodiktivite nenpòt moun nan. Alò suivan eklèsisman sa, yon moun ki pwodiktif se yon moun ki pwodui rezilta li te vize yo, yon moun ki non sèlman pa pèdi tan l, men ki optimize tan l tou. Yon moun ki pwodiktif se yon moun ki rive gade fokis li, yon rit estanda ak disiplin nan travay ak tach kotidyen li san okenn domaj. Yon moun pwodiktif lè li rive simonte difikilte yo pou l reyisi reyalizasyon li yo, yon fwa ankò, selon sa reyisit vle di pou li.

Pou pèmèt plis klète, ann pran yon egzanp nan kontèks Ayisyen an ki enplike twa gwo moso nan pwoblematik n ap diskite sou li a. Yon pwofil, nou konsyan ki ka parèt sansib oubyen diskriminan pou kèk moun... men n ap pèsiste ak li, ak lespwa li pral ede nou pi byen reponn kesyon nou poze a. Pwofil n ap konsidere a se yon jèn ayisyen nenpòt sèks ki abite Ayiti nan zòn metwopolitèn nan, ki gen ant ven ak trant lane, paran li rete nan pwovens, li gen yon patnè (relasyon amoure) ki abite yon lòt komin metwopolitèn nan. Jèn sa ap etidye nan yon antite fakilte leta a, l ap travay tan pasyèl pou yon enstitisyon nan kapital la, li gen yon ti binis li fè pou defann degouden. Pafwa li eskplwate yon talan atizay kiltirèl li gen lakay li, li responsab nan yon asosyasyon kominotè ak yon gwoupman espirityèl. N ap konsidere jèn sa nan tout dimansyon imèn li, sichik, fizik elt.

Ebyen pou n akòde ak sa n ap eseye demontre a, nou ka di pwofil moun nou sot prezante a pwodiktif si li rive remèt devwa li nan lè epi fè bèl mwayèn nan inivèsite a. Si li jwenn tan pou li repoze, jere koze prive l ak byen dòmi. Li pwodiktif si li bay randman nan enstitisyon l ap travay la, si li rive jere byen epi fè biznis li an grandi. Li pwodiktif si li bay bon sèvis nan òganizasyon li ye ak si li rive pwofite talan li an lè l jwenn okazyon an. Tou sa yo san li pa tonbe nan simenaj, san li pa gen pwoblèm konsantrasyon ak disiplin, san li pa devye nan fokis li.

Avantaj ak enkonvenayan pwodiktivite : Yon paralèl nesesè

Genyen plizyè benefis ki se rezilta pozitif pou yon moun ki pwodiktif.  Yon moun ki rete pwodiktif ka wè klèman chak etap li franchi, li ka mezize kijan l ap avanse. Li se yon moun ki nan lapè, yon moun ki evite presyon, estrès ak depresyon. Pwodiktivite pote kè poze, trankilite, bonè ak lasante mantal (fizik tou nan kèk ka). Li pèmèt moun diminye echèk, remò ak regrè pandan l ap ogmante siksè ak reyisit. Pwodiktivite pèmèt moun rete koyeran, gen disiplin ak gen kontwòl lavi yo. Pi lwen toujou, pwodiktivite ogmante kapital sosyal ak ekonomik moun, men tou li ede w jwenn tan pou fanmi w , tan pou antouraj ou ak tan pou ou menm menm. Pi lwen nèt ale, pwodiktivite ka pèmèt yon moun vin pi kreyatif, plis devlope epi plis entelijan nan yon sans jeneral, paske jan yo di nan lang franse a, « l'effort fait des forts. »

Konsekans negatif pwodiktivite ka pote yo anpil tou. Li ka lakoz yon moun devlope plizyè fòm obtinasyon, li ka rann moun accro, li ka lakoz moun devlope tou yon fòm TOK (Twoub Obsesyonyèl Konpilsif) pou travay. Li ka pouse yon moun nan direksyon konpòtman ki sanble ak sendwòm enpostè, maladi Vinci ak pwofil miltipotansyèl. Pwodiktivite ka lakoz fatig, tèt fè mal, kò fè mal, ensomni, ipètansyon elatriye. Presizyon sou tout dènye efè sa yo, se pa pwodiktivite a ki pral bay yo an reyalite, se pito efò ak enèji ou pral depanse ak fason ou pral goumen aji pou atenn pwodiktivite a ki ka lakoz yo. Nan yon lòt rejis, pwodiktivite ka pouse yon moun vin awogan ak tandans souzestime efò lòt moun fè.

Paralèl sa ka pouse nou konprann jeneralman pifò sa ki avantaj pwodiktivite, se yo menm ankò ki konsekans yo tou. Se pou sa nosyon "priyorite", "ijans" ak "displin" enpòtan anpil. Twa wòch dife sa yo ki pa mache san lòt kreye fwontyè kote bon bò ak move bò pwodiktivite chita. Men yon lòt fwa ankò, nou dwe raple yon fòm pwodiktivite ki pote domaj pa vrèman pwodiktivite.

Kijan yon moun ka vin pwodiktif? Teknik ak metòd...

Nou rive nan manman koze a ki ka eksplike egzistans atik sila... pou n tante di kisa yon moun dwe fè pou li rete pwodiktif malgre difikilte yo. Ebyen pa gen okenn fòmil majik, ni yon mach youn, de, twa, kat pou w suiv pou w ka rive pwodiktif. Men gen kèk abitid, teknik ak metòd ki ka ede w.

Premye bagay la, pa ka gen pwodiktivite san vizyon ak objektif. Se pou sa ou dwe dabò gen yon vizyon klè, yon chimen w ap deside suiv san fay. Apre ou dwe fikse yon lis objektif ki ale nan lide vizyon sila. Lè vizyon an ak objektif yo fin byen defini, byen chapante ; ou dwe tabli, etabli yon echèl priyorite nan sa ou gen pou w fè yo. Apresa se mete kanpe yon sistèm ki dwe gen ladan orè, zouti nesesè, resous endispansab, lajan ak lòt bezwen ou yo. Ou bezwen tou pran abitid travay chak jou epi toutan, men pa yon fason literal.

Yon lòt bò ou dwe itilize maksimòm avantaj aparèy elektwonik, telefòn ak entènèt ka ofri w, tankou alam, sistèm rapèl, kalandriye suivi, elt. Si w vle rete pwodiktif ou ta dwe pran abitid fè travay ki pi lou yo avan (n ap tounen sou sans mo lou sa pi ba), san ou pa bliye ijans ak priyorite yo. San bliye tou disiplin ki pral ede w fè yon sèl bagay alafwa ak yon fokis ki pral pèmèt ou pase nan yon lòt apre san pèdi tan.

Pwodiktivite mache ak planifikasyon entèlijan. Sa ki vle di ou dwe tabli yon plan travay ki klè pou chak grenn oswa chak pòsyon ki gen nan yon objektif an patikilye, etap apre etap. Si w vle rete pwodiktif se sipann evalye tach yo suivan tan, men pito suivan priyorite. Donk ou dwe konsantre w plis sou tach ki gen pi gwo enpak sou objektif ou yo; pou yon moun ki vle rete pwodiktif, yon tach pi lou se toutan li gen plis enpak sou sa li vize.

Pou yon moun pwodiktif li dwe evite ni twò vagnè, ni twò nayif, li dwe evite twò pèfeksyonis tou. Li dwe eseye plis reyalis, plis ka adapte li fas ak chak sitiyasyon, ak yon atitid ki marye optimis ak fèmte pou bien fouke difikilte k ap vini yo. Pwodiktivite, jan nou te di pi wo a, mache ak byennèt; donk ou bezwen dòmi, repoze, fè aktivite ki divètisan ak mande èd lè w bezwen sa. Epi menm si gen kèk sitiyasyon kote pwokrastinasyon ka yon eleman ki mennen pwodiktivite, ou dwe fè pwokrastinasyon tounen youn pami pi gwo lèdmi w.

Pi kontrèman, pou w kòmanse pase bò pwodiktivite ou dwe pran tèt ou plis serye, fè tèt ou plis konfyans. Ou dwe fè etalaj tout feblès ou yo yon bò, fòs ou yo yon lòt bò; yon fason pou w konn byen kijan ou dwe poze chak pyon. Ou dwe fè menm bagay pou resous ou gen ak sila yo ou manke a. Chèche moun ou estime ki pwodiktif mete bò kote w, pou sèvi w modèl ak bay ou motivasyon. Epi nan minit sa menm, pase kondisyon ak tèt ou, pran desizyon fwa sa vrèman w ap bay tout ou menm pou w vin pwodiktif.

Boutofen pèlerinay la te mennen nou anpil kote. Kenbe angwo pwodiktivite se yon konsèp relatif ki vle di fè sa ou gen pou w fè nan mwens tan ak mwens resous epi plis randman. Kenbe yon vizyon presi ak yon lis objektif klè se koumansman chimen ki mennen pwodiktivite. Sonje difikilte yo ap toujou la. Sonje priyorite, ijans ak disiplin se twa poto mitan ki pral kenbe w sou wout sila. Epi kenbe ou dwe toujou fè efò pou w plis reyalis, fè efò pou w toujou ka adapte w. Kontinye OZE. Bon pwodiktivite !!!


Berckson Johnsly JEAN-LOUIS

Full Stack Developer | Digital Marketing Enthusiast | Tech Writer | Project Manager | HR Professional | Advocate for Human Rights & Youth Leadership 🚀📊🇭🇹

                 

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne