Woodjenny FRANÇOIS, yon jèn pwofesyonèl ayisyen ak plizyè chapo k ap milite pou sante mantal

Nan tan difisil sa yo Ayiti ap travèse a, anpil profesyonèl ki te konn envesti konpetans yo nan peyi a kite l. Majorite nan yo se jèn. Sa pouse nou poze kesyon : eske gen espwa toujou ? Eske gen moun, eske gen jèn k ap panse pou peyi a ? Eske gen moun k ap poze aksyon pou amelyore kondisyon yo ? elt. Konsa pou mwa mas 2024 la, atravè ribrik JEUNE DU MOIS n ap pèmèt piblik la fè plis konesans ak yon jèn, ki malgre tan difisil yo, ap travay ak rezilyans pou pote konpetans li bay popilasyon ayisyen an, sitou nan dezyèm vil peyi a, Okap.

Woodjenny FRANÇOIS se yon jèn fi ki leve nan yon fanmiy kretyen, li se dezyèm epi dènye pitit. Lè li te rive nan laj pou lekòl, li te gen chans pran premye leson li nan lekòl Fanelie François ki se yon enstitisyon pou tifi sèlman. Apre li te fin desann sètifika, sa nou rele egzamen ofisyèl sizyèm ane a, li te enskri nan « Collège Martin Luther King » kote li te fè plizyè lane. Pou yon rezon li pa bay, li te oblije al fini rès etid klasik li nan « Centre de Formation Classique ». Objèktif yo te pouse Woodjenny al enskri epi pase konkou nan UPNCH ki se « Université Publique du Nord à Cap-Haïtien », espesyalman pou li devni yon sikopedagòg, yon rèv ki vin yon reyalite aprè yon pakou sòti 2017 pou rive 2021. Kounya li se coach nan "psychologie positive" k ap egzèse depi kèk tan.

Aplis etid nan sikopedagoji Woodjenny se yon etidyan nan dwa k ap tann gradyasyon nan yon pwomosyon ki antre nan lane 2019 epi ki fini nan 2023. Nan menm domèn dwa a, se avèk anpil fyète epi yon bèl souri nan vizaj Woodjenny eksplike nou kòman l te rive chanpyon nan yon konkou deba Jurigroup te òganize. Jounen jodia a, li se reprezantan ofisyèl Jurigroup. Pou rapèl Jurigroup se yon estrikti etidyan nan dwa nan vil Okap ki gen pami lòt, objektif konplete fòmasyon etidyan nan Syans Jiridik yo resevwa ak slogan « Fòme pou lajistis ».

Sans lapawòl Woodjenny FRANÇOIS pa rete nan zafè dwa sèlman ak sikoloji. Li se yon jounalis depi 2021 k ap prezante « Antenne Jeunes » sou radyo Fenique Inter, yon emisyon pou jèn; yon espas kote li envite anpil pwofesyonèl vin debat ak popilasyon Okap la ak lòt zòn kote radyo a rive. Egalman li se yon pwofesè elèv yo apresye nan lekòl kote l ap anseye teknik disètasyon ak literati fransè. Li se responsab kominikasyon nan APSAMAH, yon asosyasyon ki gen sikològ pwofesyonèl nan plizyè branch, ak syèj sosyal li nan vil Okap. Li se fondatris « Main Tendue », yon kabinè sikoloji k ap bay sèvis prezansyèl ak a distans, presizeman nan domèn sikoterapi, sou kesyon sikopedagoji pou timoun, devlòpman pèsonèl, atelye brikolaj ak art-thérapie.

Patisipasyon jèn pansè Woodjenny nan kominote l anpil, men se petèt inisyativ kominotè kabinè sa k ap bay èd sikolojik ak devlòpman pèsonèl gratis, ki te konstitiye eleman deklannchè ki te pouse nou al chèche konnen plis epi prezante pèsonaj sa pou mwa mas 2024 la. Alò nan kad redaksyon atik sila, nou te gen yon kout dyalòg ak li ki te dewoule konsa :

____

JEUNE PENSEUR : Poukisa yon kominote sikolojik ?

Woodjenny : Nan yon kontèks kote Ayiti ap travèse yon ensekirite ak yon enstabilite ki afekte anpil moun, sitou moun k ap viv nan kapital la, sitwayen yo ap fè fas ak divès pwoblèm mantal. Konsa mwen menm ak kolaboratè m yo te pase plizyè mwa ap travay sou lide a. Nou rive mete l sou pye, mwen fyè pou m konstate se yon « projet de grande envergure ». Premye objektif nou se pwone li nòmal pou yon moun mande èd yon pwofesyonèl san li pa mete nan tèt li, li se yon moun fou. Dezyèm nan se ede moun yo devlope rezilyans nan moman kawo sa Ayiti ap travèse a.

- Poukisa antanke jèn k ap konstwi avni w, ou chwazi akonpanye tout moun sila yo gratis ?

- Nan menm rezon ki te fè nou mete pwojè sa sou pye a, se ladan l repons kesyon an soti. Tout sa k ap pase nan peyi a afekte lavi jenès ayisyen an nan plizyè faz tankou ekonomik, akademik, menm santimantal sitou ak koze migrasyon an ki pa sispann grandi. Menm sila ki ale yo pa nan lapè, paske yo kite moun dèyè. Nou tout konnen sitiyasyon peyi a, ekonomi an pa anfòm, jèn ap soufri elt. Nan tan nòmal, konsiltasyon sikolojik yo chè, gen jèn ki konsyan yo bezwen al wè yon "psy", men ki pa gen mwayen epi antouraj yo pa fòme ase pou soutni yo nan lajan yo ta dwe peye pou pran sèvis yo, yon jenès ki avni peyi a pa ka malad.

- Eske se sèlman jèn nou akonpanye ?

- Nou pa akonpanye sèlman jèn. Nou akonpanye tout moun, men aspè gratis la se sèl pou moun ki soti nan laj 15 pou rive nan 35 lane. Dapre chif nou yo, inisyativ nou an deja akonpanye plis pase yon santèn moun gen ki jwenn bon rezilta, ki pale lòt moun sou travay ak efikasite kominote nou an.

- Eske w kapab di nou kiyès Woodjenny ye an deyò lavi pwofesyonèl la ?

- Mwen se yon mizisyen gitaris, mwen se yon « Grafic Designer ». Mwen renmen lèkti, mwen ka pase tout tan m ap li. Pou mwen menm, moun ki pa li rate anpil bagay… Epi m souvan fè powèm, dayè mwen gen yon paj tiktok sou non « Ti rekèy pa m ».

- Si n byen konprann, Woodjenny se yon moun ki ap aprann menm lè l ap amize l... Ki pi bèl moman resan ou viv ?

- Se te lè m t ap pase yon egzamen similasyon pwosè nan dwa a fen lane 2023. Sèn yo, pawòl yo ak reyaksyon lòt gwoup etidyan yo te fè m santi m nan « le feu de l'action ». Dezyèm fwa se lè m t ap resevwa sètifika nan Jurigroup nan kòmansman 2024 la. Tout moman sa yo ogmante konfyans mwen te gen nan tèt mwen, sa montre m kapasite m ap grandi.

- Kòman sa ye pou relasyon w ak antouraj pwòch ou ?

- M gen plis rezo pase zanmi men mwen bay tout moun respè ak prekosyon sa mande. Mwen toujou wè yon bagay pozitif pou m tire nan moun epi m inyore mal yo. Moun ki pa janm sispann pran kè m se manman m paske li aprann mw anpil valè ki fè m rete byen malgre tout pèvèsyon k ap ogmante chak jou. Mwen se yon moun ki pa kwè m oblije fè sa k pa nòmal pou m parèt ouvè.

- Antanke jèn ki gen sousi ede jèn, ki mesaj ou pou jèn ki non sèlman pèdi espwa men ki ta renmen avanse ?

- Nenpòt jan sitiyasyon an difisil, ou pa dwe janm sispann goumen pou w avanse. Prensip la se mete detèminasyon, antoure w ak moun ki ka ede w avanse epi pike pou pi devan. Toujou rete pozitif, batay pou pratike rezilyans pou w pase move enspas yo. Tout pwojè kòmanse nan tèt, li enpòtan pou n panse byen pou n atire sa ki byen. Ou kapab yon egzanp malgre tout sa k ap pase. Epi tout moun ki gen pou kite peyi a pwofite "enjoy" avan nou kite l, paske lè w kite peyi w pou pa bon, se syè w ak sante w ou pral bay yon lòt kote epi ou p ap jwenn tout richès Ayiti ofri w gratis yo ankò.

Eksperyans ak inisyativ Woodjenny FRANÇOIS pwouve yon fwa ankò lajenès kapab. Gen fòs, gen lide epi merite ankadreman pou n avanse. An menm tan nou konprann si yo pa lonje bay ou, kreye pou yon jou jenerasyon w ak jenerasyon k ap vini yo jwenn men ki lonje bay yo. Menm nan move tan nou ka fè diferans, li pa fasil men li pa enposib.

___

Anfen nou felisite Woodjenny FRANÇOIS pou fason l ap kontribiye ak aksyon li yo epi swete li kontinye reyisi tout sa l ap antreprann, ni pèsonèlman ni ak ekip li. Bon bagay Woodjenny FRANÇOIS !!!

Woonyse LÉANDRE

Licenciée en Psyschologie

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne