Lennie Miranda Pierre: Pòtrè yon jèn sikolològ modèl ki angaje l pou lapè nan lespri ak byennèt nan kominote l

Pwofesè lekti eksplike nan setyèm, uityèm ak nevyèm ane fondamantal. Pwofesè ekonomi nan NSI, NSII ak NSIII. Pwofesè anglè nan nouvo segondè II. sikològ, maso-thérapeute, edikatè sou lavi relasyonèl, afektif ak seksyèl.  Redaktè, fòmatè, animatè atelye ak konferansye. Prezantatè emisyon, fondatè epi responsab « Sérénité du Cœur » …

Se sèlman kèk pami fason nou ka prezante Lennie Miranda PIERRE, yon jèn fi ekstrawòdinè k ap fè anpil travay pozitif nan kominote a, nan pote konstribisyon li tribòbabò ak ede moun jwenn lapè nan lespri yo epi rete kè poze, malgre move tan ak sitiyasyon malouk lavi an Ayiti dènye sezon sila yo. Li se yon modèl pou lòt jèn ak yon pakou enspiran epi yon motivasyon san fay, se pou sa nan JEUNE PENSEUR, nou deside mwa sa, avril 2024, se inisyativ ak enpak li yo n ap pataje, ak tout privilèj nou jwenn pou fè sa, ak esperans tou, prezantasyon sa sou Lennie pral ede divès lòt jèn pi byen trase chimen yo. Brèf !

Nou pa vle kòmanse ak sa nou konsidere petèt kòm yon kliche, men lanmou Lennie ak detèminasyon li pou travay ta sanble lye ak dat li fèt la, piske li pran nesans nan komin kafou, zòn metwopolitèn peyi Ayiti nan dat premye me, dat sila ki se fèt Agrikiti ak Travay lakay nou. Li fè tout klas primè li nan « École Fondamentale Advantiste de Diquini » epi li fè klas twazyèm sik yo nan « Collège Adventiste de Diquini, toujou nan vil natal li… Pou klas segondè li yo, se an Repiblik Dominikèn li fè yo, presizeman nan kolèj advantis UNAD ki nan vil Sonador, kote li fè ekivalan klas segonn ak reto, ak yon lekòl prive katolik nan Santiago de los Caballeros, kote li fè klas filo li.

Lè Lennie soti nan peyi vwazen an, li vin abite dezyèm vil peyi a ki se Okap, kote li ta pral tanmen pakou Inivèsite li nan Sikoloji ak yon kisis lisans li te suiv nan « Université Frannco Haïtienne Du Cap-Haïtien (UFCH) ». Nan moman atik sa ap redije a, sikològ Lennie ap kontinye etid li ak yon mastè nan Sikoloji Klinik, toujou nan UFCH.

Pandan tout anfans Lennie, se medsin li te renmen, li pa te karese okenn lòt rèv pou karyè li. Li te toujou vle vin yon pedyat oubyen yon newochirijyen. Si jodya l ap kontinye karyè li nan sikoloji se an pati paske move moman epidemi kowona yo nan lane 2019 te malerezman lakoz li te fè yon lane chita apre li te fenk tounen Ayiti soti an Repiblik Dominikèn. Ane chita sila te ofri l okazyon reflechi plis sou kèk reyalite ak revize sa li vle vrèman pou lavi l. Se apre sa li vin deside etidye sikoloji ki te atire kiryozite l plis pami lòt opsyon ki ye te vini nan refleksyon li yo, tankou nitrisyon ak syans enfòmatik. Yon etid li te vin tonbe vrèman damou reyèlman nan dezyèm ane, lè li te kòmanse fé non l pami meyè etidyan nan pwomosyon li an, ak lè li te tanmen konstate gen yon gran bezwen pou sikoloji ak sante mantal nan kominote a.

Menm konsta sa te motive Miranda kreye « Sérénité du cœur »  nan menm epòk la, yon enstisyon ki te pran nesans ofisyèlman nan mwa jen 2022. Nan kòmansman travay yo se te pale sou sikoloji ak sante mantal sou rezo sosyal yo epi bay konsèy motivasyon. Men depi aparisyon epizòd bwa kale” yo nan peyi Dayiti, estrikti a te vin agrandi vizyon yo an plis. Aktyèlman «Sérénité du cœur» anba direksyon Lennie Miranda, se yon enstitisyon ki ofri sèvis tankou fòmasyon ak atelye sou sikoloji, èd pou sante mantal, konsèy sou byennèt, akonpayman sikolojik, coaching ak devlòpman pèsonèl, jesyon tan, elt. « Angwo se yon espas kote nou ede moun jere sante mantal yo, devlope tèt yo ak ede yo devni yon meyè vèsyon yo menm demen. Ni timoun, ni granmoun, tout kategori moun an jeneral », pou repete sa Miranda di nou mo pou mo.

Nan nivo pèsonèl, madmwazèl Pierre pase anpil tan nan fè konferans ak fòmasyon gratis pou ede moun byen pran swen sante mantal yo. Depi kèk tan jèn sikolològ sla souvan fè pati entèvenan anliy tankou an prezansyèl k ap pran lapawòl chak fwa nan aktivite ki gen rapò ak sikoloji yo, sitou aktivite ki fèt nan zòn Nò peyi a. Li te konn kontinye menm travay sa nan emisyon dyagnostik li te anime ak yon lòt kolèg sikològ sou « Radio Télé Cohésion » chak dimanch onzè pou rive midi, kote li te konn sitou fokis nan eksplike fenomèn sikolojik yo ak kijan pou moun nan popilasyon an fè fas ak yo. Emisyon an fè yon kanpe pou moman sa.

Nan menm fil lide sa, li pwofite di tout sa sikoloji pote nan lavi l... Lennie fè konenn gras ak etid li nan domèn nan li konprann yon ansanm fenomèn k ap pase zòn lakay li ak nan anviwònman li.  Konesans li nan sikoloji fè l pa asosye fenomèn sila yo ak koz sinatirèl oswa koze djab, men pito li gade yo ak yon zye syantifik epi toujou chèche jwenn solisyon pou yo. Li vin ka plis adapte l ak kèk twoub epi pa dramatize lè l kwaze yo. Pi lwen toujou, sikoloji pèmèt li devlope rezilyans lakay li, kiltive plis tolerans ak genyen plis respè pou tout kategori moun.

« Nan legliz, nan lekòl, nan mache, nan kominote jèn …; mwen agaje m pou m enfòme ak pote sipò m bay nenpòt gwoup sosyal », pawòl Lennie Miranda Pierre. Li kontinye pou l di : « Men m konn dekouraje, demotive, rive nan pwen kote m konn anvi bay vag ». Men wi ! Malgre motivasyon ak kouraj li, Lennie avwe li konn deprime, vle pèdi fòs. Li konn ap doute, mete tèt li an kesyon, elt. Men lè l raple l gen lòt moun ki  ka twouve yo nan menm sitiyasyon ak li san wè kisa pou yo fè. Lè l sonje tou, dapre eksperyans li, kantite travay ki merite fèt nan sa ki gen pou wè ak jesyon sante mantal an Ayiti ak lè l sonje tout bezwen ki gen yo, li retounen motive byen rapid. Chak lè moman sa yo rive, li leve kanpe pou l kontinye, pakse "depi gen lavi, gen espwa", yon bagay li di tèt li chak jou.

 « Jeune penseur » sila ki pral gen sèlman venteyen lane nan dat premye me 2024 la fè konnen, malgre èd anviwònman li ki enpòtan, tout sa li ta renmen vin ye demen repoze sou kont li pèsonèlman. Se sa ki fè avan li fè yon chwa, avan chak aksyon li pral poze, li toujou pran tan reflechi ak ki enpak li pral gen sou lavi l ak lavi lòt moun, apre senk, dis, kenz pwochen lane yo. Li rale menm panse sa pou motive l leve kite kabann li chak maten pou l kontinye goumen pou rèv li ak kontinye pote konstribisyon li nan tout fason li kapab.

Nan menm kesyon travay pou rèv li yo, Lennie ta swete nan kèk lane li devni yon gran konferansyè entènasyonal ak omwen yon prezantasyon « TED TALKS », sa t ap fè l plezi anpil, se yon minimòm li vize pou fiti li. Li anvi tounen yon referans nan zafè sikoloji ak sante mantal nan peyi a. Li pwomèt tèt li pou l kontinye travay jiskake yo ka konsidere l kòm yon moun ki (te) jwe gwo wòl nan domèn sa sou tè Desalin nan. « Mwen vle kontinye fè enpak, mwen vle devni yon pwofesyonèl Ayiti ap ka konte sou li reyèlman », li pwononse ak yon gran souri epi fyète nan vizaj li. Epi pou enstitisyon l ap dirije a « Sérénité du cœur », sikològ Miranda swete nan kèk lane li tounen yon referans nan ede rezoud tout kalite pwoblèm sikolojik sitwayen ayisyen yo ap konfwonte… Se tout rèv sila yo ki ede l kenbe, malgre latriye difikilte yo, menm lè li pa wè ni devan ni dèyè. San li pa bliye mansyone pakou enspiran yon ansanm lòt moun an Ayiti tankou lòt bò dlo ki konn double motivasyon l tou, pou l kontinye fè tout efò posib pou l avanse.

Pou mezire enpak li yo, Lennie ka konte sou divès kalite temwayaj li pa janm sispann jwenn sou entèvansyon li yo ak sou fason sèvis akonpayman « Sérénité du cœur » yo ede moun ki benefisye yo. Fason rezo li ap grandi ak moun k ap felisite l tanzantan oswa mande sèvis li menm nan lari, se lòt bagay ki fè l ka di konstribisyon li yo pote fri. Gen moun ki konn vin remèsye l epi presize pou li egzakteman ki pwoblèm yo te gen ki rive soliyone gras ak èd li. « Chak fwa m jwenn ka sa yo, m eksprime gratitid mwen epi m redouble efò m », pawòl Miranda di nou ak larekonesans nan vwa li.

Lennie Miranda Pierre genyen twa konsèy pou jèn parèy li yo ak tout moun an jeneral. Premye a se sitasyon anglè ki di « no risks, no story », pa gen reyalizasyon, pa gen istwa, pa gen siksè san risk. Mantalite sa ede Miranda anpil, li panse tou l ap ede tout moun avanse, pandan li presize se risk ki kalile ak raple nou dwe evite risk initil yo. Dezyèmman li vle chak moun pran konsyans yo gen pouvwa pou chwazi sa k ap bon pou yo, pou nou toujou fè bon chwa ak pran bon jan desizyon konsènan antouraj nou ; liv n ap li, mizik n ap koute, fim n ap gade, elatriye. Paske chwa sa yo se ye yo ki pral detèmine ki moun ou pral ye demen ak kisa n ap rive reyalize nan lavi nou. Twazyèm nan se bat pou n toujou kite yon bon souvni, yon enpak pozitif chak kote nou pase. Se pou nou fè sèten prezans nou yon kote te kontribiye nan pote yon chanjman benefik. Pou fini Lennie di ak yon vwa senserite « se pou n pran responsablite nou, se pou n deside di tèt nou n ap yon eleman pou transfòmasyon pozitif kominote a ». Yon twazyèm konsèy li espere k ap touche sitou « timoun 2000 » yo, jenerasyon li ladan an ki malerezman gen yon repitasyon ki pa rete li alèz ditou.

Avan menm seri angajman kominotè, karyè pwofesyonèl ak akademik Lennie Miranda Pierre, li se jeneralman yon moun ki menm jan ak tout moun, men ak yon istwa diferan epi yon pwofil karakteristik ki rezime ak twa adjektif : Diskrè, Konstan, Atansyone; dapre evalyasyon li fè li menm menm sou tèt li. Lennie itilize twa fòs karaktè li sila yo chak segonn nan lavi l. Toutotan li poko reyalize sa li te fiske pou objektif, li p ap sipann travay. Dayè li gen yon lòt eslogan pou gide l ki di « Le ciel n’est pas la limite pour moi. Je dois monter encore plus haut. » Atansyone li atansyone an se yon karaktè ki ede l antisipe bezwen pwòch ak kòlèg li yo, sa ki mennen pi bon kolaborasyon ant yo ak li menm. Konsa tou li prefere solidarize l ak moun ki gen lespri ouvè. Dapre li moun sa yo pa awogan, yo pa monte tèt yo twò wo, yo respèkte moun, yo gen imilite, elatriye. Eleman sa yo ap pèmèt kouran pi byen pase ant Miranda ak kolaboratè li yo, toujou nan yon anbyans byenveyan, aprantisaj mityèl, echanj eklere ak bon jan negosyasyon lè li nesesè.

Pou fini, moso lapawòl sa yo sou karaktè, pakou ak konstribisyon Lennie Miranda Pierre nan kominote a montre l klè :  laj, sitiyasyon peyi ak difikilte lavi pa eskiz pou w sispann batay ak tout ou menm pou reyalize rèv ou. Menm jan «jeune du mois» a di l la, ou se « aktè prensipal lavi w», pa neglije bay tout ou menm pou entrig la pran direksyon ou swete a. Felisitasyon sikològ Lennie, kontinye rete fokis nan travay pou rèv ou, kontinye pote sipò w nan kominote a. Mèsi pou chak askyon pozitif ou poze yo. JEUNE PENSEUR swete w siksè pou tout sa k ap vini yo. Et déjà, un très JOYEUX ANNIVERSAIRE à toi !!!

Berckson Johnsly JEAN-LOUIS

Full Stack Developer | Digital Marketing Enthusiast | Tech Writer | Project Manager | HR Professional | Advocate for Human Rights & Youth Leadership 🚀📊🇭🇹

                 

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne