Twonpri oswa enfidelite nan yon relasyon, ann ale yon ti jan pi lwen…

 

LITTLEBEE80 /ISTOCK


    Jeneralman yon relasyon fòme ak 2 moun ki renmen youn lòt epi ki deside viv ansanm, pwojte yo sou lavni pandan y ap travay men nan men pou akonpli pwojè ak objèktif yo genyen an komen. Pou yon relasyon byen mache, gen kèk baz li dwe chita sou yo tankou: lanmou, tandrès, rèspè, kominikasyon, konpreyansyon, fidelite elatriye. Li posib pou patnè yo rive siviv ansanm san youn oubyen yon lòt nan eleman sila yo men si majorite nan yo pa prezan, okenn relasyon p ap kapab vrèman fonksyone. Tèks sa p ap sifi pou pale sou tout, l ap chita sou sèlman FIDELITE, youn nan engredyan ki enpòtan anpil pou solidifye yon relasyon. Men avan nou ale pi lwen, nou dwe presize pou tèks sa n ap itlize inikman tèm relasyon ak patnè yon fason pou nou fè referans ak tout fòm relasyon epi tout non patnè yo ka pote : menaj, fiyanse, marye, konkiben; pou site sila yo sèlman.

    Ebyen pou kòmanse, fidelite se atitid oswa konpòtman yon moun ki devlope yon atachman san fay pou abitid ak santiman li yo, ki rèspèkte angajman li epi ki toujou akonpli tout sa li gen kòm devwa. Kontrèman ak sa anpil moun konn panse, fidelite se pa yon karaktè ki inivèsèl, sa vle di li pa gen menm siyifikasyon nan tout relasyon. Daprè nou, fidelite nan yon relasyon se yon fòm akò ki pase ant 2 moun ki renmen epi ki defini fason ak règ yo chwazi pou jere relasyon yo a nan sa ki gen rapò ak afesksyon, seksyalite, konpòtman, angajman, lwayote, devwa ak konfyans youn dwe lòt. Yon akò k ap etabli nan tèt ansanm, kote chak patnè ap santi yo byen epi ka fè lòt konfyans san pwoblèm. Si n ap konsidere pozisyon sa, n ap gentan konprann rapidman se pa sèlman lè youn nan patnè yo anbrase oubyen rantre nan relasyon seksyèl ak yon lòt moun li enfidèl. Konsa tou li ka kouche ak yon lòt moun san li pa enfidèl pou sa, suivan sa li ak patnè l te deside antanke règ.

    Yon lòt kote, nou konn fè erè konfonn enfidelite ak twonpri, alòske yo pa menm. Pou rezime diferans la ; enfidelite se lè w vyole akò ou te antann ou sou li ak patnè w la tandikse twonpri ale pito nan sans kachotri ak lè w bay manti. Yon moun enfidèl lè li depase limit li, lè li pa rèspèkte sa li ak patnè l te fè kòm chwa nan kad lavi komen yo 2 a ap mennen. Yon moun enfidèl lè li pa kenbe pwomès li te fè patnè l, lè li pa akonpli devwa li ak sa li gen pou fè kòm obligasyon nan relasyon an. Ou twonpe patnè w lè w fè yon bagay ki mal, yon bagay ou pa te gen dwa fè epi mete sou sa ou bay manti oswa kache l sa. Lè w trayi konfyans moun ou nan relasyon ak li a, lè w pa aji yon fason pou relasyon an evolye nan transparans, lè w ap regle zafè w san ou pa enfòme patnè w, lè w mete l nan sitiyasyon pou l ap kesyone w toutan sou kisa w ap mennen, ki kote w te ye oubyen ki kote w prale, pouki ou pran desizyon sa… ak anpil lòt konpòtman ankò, se fason ou twonpe patnè w.

    Kesyon ki konn panike anpil moun lè yo viktim twonpri oswa enfidelite se : eske m ka dakò kontinye yon relasyon ak yon moun m konnen ki twonpe m? Otè tèks sa pa moun ki pi byen plase pou reponn men l ap esye pote kèk eleman repons... Dabò chak moun ki konsekan toutbon nan lavi genyen yon echèl valè yo adopte, yon asanm prensip ki sèvi yo kòm repè epi ki la pou gide yo nan tout reyaksyon ak aksyon y ap poze chak jou. Pou nou menm, se prensip sa yo k ap dikte yon moun kijan pou l reyaji lè patnè l twonpe l. San nou pa bliye kèk lòt faktè ki ka enfliyanse desizyon moun sa ankò tankou : Si gen egzitans pitit nan relasyon an, eperans moun nan konn genyen nan kwè patnè a p ap twonpe l ankò,asirans patnè a konn bay na fason l ap di li regrèt, li p ap fè sa ankò, lè moun nan di l ap bay yon deyèm chans, yon moun ki di patnè l te mèt twonpe l sa pa yon pwoblèm, plis lòt nou ka petèt inyore.

    Pou fini, lè w deside angaje w nan yon relasyon lanmou ak yon moun ou pa pèdi libète pèsonèl ou nèt men w pa lib pou w fè tout sa w vle ankò, paske w gen yon patnè ou pataje libète w la ak li kounya. Sa ki vle di se nan konpwomi, konsansis, nan tèt ansanm ak nan chita pale ak moun ki nan vi w la tout ti detay dwe fèt. Sou menm pwen sa, si w renmen yon moun epi san yo pa fòse w, ou chwazi viv ak li ; ou pa gen okenn pretèks ni rezon pou twonpe l oswa enfidèl ak li. Lè w fè sa, non sèlman ou fè patnè w la mal, ou pa rèspèkte tèt ou tou. Ou menm ki viktim twonpri oswa enfidelite anba men yon moun ou te fè konfynas, li enpòtan pou w pa kouri reyaji nan tèt cho lè sa rive. Reflechi sou potansyèl konsekans ki ka vini yo, epi pran desizyon k ap pi bon pou ou a. Tout moun konn fè erè se vre, tout moun ka chanje se vre men pèsòn pa ta dwe jije w pou yon chwa ou fè suivan opinyon w ak prensip ou bay tèt ou.


Berckson Johnsly JEAN-LOUIS



6 Commentaires

  1. Vreman enteresan kom teks, bravo Berckson

    RépondreSupprimer
  2. M felisite jèn pansè a pou bèl travay sa li fè an. Sa fè m plezi lè m gade jan li abòde kesyon an san l pa mete pèsonn nan pozisyon pou l di w me kisa ou dwe fè. M panse nan toulède ka yo (twonpri ak enfidelite) ap toujou gen gro konsekans sou 2 konjwen yo... Paske sa m plis panse ki kapab motè yon bon relasyon avan tout lòt bagay yo se lanmou an, alòs lanmou sa m ap pale de li la pa yon lanmou ou ap kapab rasyonalize, m byen remmen tande ti fraz sa: l'amour est aveugle... Sa tou moutre n klè nan sitiyasyon sa yo nou plis emosyonèl. Nou ka toujou di me sa n ap fè, me sa nou p ap fè, nou ka toujou gen prensip ak valè pèsonèl nou nou pa dakò pyès moun vyole yo men sa pap anpeche lew tonbe damou pou yon moun tout bon ou fè tout kalite koze. Ou di solèy la frèt, ou di lalin nan cho. M p ap asosye lanmou a yon nivo ki moutre n pedi bon sans men m ap aprann nou, franchman lè w tonbe nan bato lanmou, menm si w fè nofraj, ou santi w toujou ap navige pou pi devan. E se lanmou sa yo ki pa janm fini... Ki jan tit tèks lan di l lan yo ALE PI LWEN...

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Pou kèk rezon m pa vle reyaji sou kòmantè ou a nan pwofondè... men m ka di w fraz ki di "L'amour est aveugle" la m pa ka tande l menm. Literalman oubyen nan sans figire, m pa ka dakò ak yon moun k ap di li renmen m epi lanmou sa avèg. Pou mwen ou dwe renmen pou pi piti yon rezon, si ou avèg, nan nenpòt sans ou konsidere avèg sa, ou p ap ka wè rezon ou renmen pou li a. M pa kwè nan pawòl anlè!

      Supprimer
  3. Mèsi bro, felisitatyon anpil leson soti nan tèks u a

    RépondreSupprimer
Plus récente Plus ancienne